Komisyon Premier League la akize Manchester City pou move zafè nan fay-play finansyè

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
komisyon premier league la akize manchester city pou move zafè nan fay play finansyè

Jodi lendi a, Premier League la soti yon kominike pou li fè konnen tout move zafè Manchester City ap mennen nan sa ki gen pou wè ak fay-play finansyè a. Pou sezon  2009/10 ak 2017/18 la, Citizen yo gen plis pase 100 enfraksyon yo fè, sa ki montre Manchester City pa respekte règ finansyè yo nan peyi Angletè.

Aprè yon ankèt ki dire 4 lane, Premier League la fè konnen jodi lendi a, Manchester City nan move zafè pou  dosye fay-play finansyè nan peyi Angletè. Kòm kwa Skyblues yo pat bay bon jan enfòmasyon sou fason y ap peye antrenè yo, jwè yo ak divès lòt akizasyon ankò.

Pat gen lontan, UEFA te sanksyone Manchester sou menn koze fay-play finansyè sa, sa ki ta pral fè dirijan Citizen yo pran men yo. Fwa sa bagay yo ka pi rèd pou yo, kote ekip la ka pèdi pwen nan klasman chanpyona ak divès lòt anksyon ki ka tonbe pou jou kap vini yo.

Manchester City depi kèk lane gen gwo  fòs Premier League la ak foutbòl ewopeyen an. Citizen yo ap tann sanksyon yo pou semen sa, sa ki ka gen gwo enpak sou ekip la nan chanpyonna ak Champions League la.

Facebook Comments

Partagez cet article