Konfederasyon evèk yo an Ayiti mande pou yo respekte repitasyon legliz katolik 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
konfederasyon evèk yo an ayiti mande pou yo respekte repitasyon legliz katolik 

Ansanm evèk nan peyi Ayiti denonse sèten lidè opinyon ki eseye asosye non legliz katolik ak dosye trafik zam ilegz yo nan peyi a. Nan yon nòt ki pou pwoteste kont opinyon sa yo, CEH ki se ògan kap defann Legliz Katolik fè konnen, Legliz katolik pa patisipe nan okenn zak detounman fon ak pasaj zam ilegal ni dirèk ni endirèk. 

Atravè nòt sa ki pibliye jou ki te jedi 8 septanm lan, konferans evèk peyi d’Ayiti yo atake lidè opinyon yo, daprè sa yo di, k ap eseye asosye non legliz katolik ak dosye trafik zam ilegal nan peyi a. Gen kèk animatè emisyon, dapre CEH, ki ta menm fè menas kont lokal Legliz katolik yo ak pèsonèl li yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 » Legliz Katolik pa patisipe dirèkteman oswa endirèkteman nan zak detounman fon sa yo k ap fèt ann Ayiti a », selok sz evèk yo te ekri epi ki mande respè pou repitasyon pèsonalite yo nan enstitisyon an, pandan y ap mande moun ki konsène yo kite jistis fè travay li.  » Nou vle li klè pou tout moun, sa kap pase nan peyi a grav, donk li lè pou tout moun pran responsablite yo nan pale bagay ki enpòtan epi pran aksyon ki ka ede peyi a soti nan kriz sa nap fè fas jodi a an kolaborasyon evèk katolik yo. » Se sa a nou te kapab li nan nòt pwotestasyon sa a. 

Anplis de sa, CEH mande otorite ki anplas yo pou yo fè tout sa ki posib pou reponn ak revandikasyon popilasyon ayisyen an.  » Popilasyon sa a gen dwa pou yo viv nan diyite ak respè », ekri evèk katolik yo nan kominike sa a. 

 

 » Sitiyasyon an grav. Popilasyon an nan lapenn, yo nan yon mizè atwòs epi sanble otorite leta yo pa wè ni tande anyen ankò » gwoup evèk katolik 10 dyosèz peyi a kontinye ekri, yo  montre tou jan yo endiye chak jou pi plis, yo envite gouvènman anplas la pou fè tout sa ki posib pou chanje kondisyon lavi yo popilasyon an. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.