Konsila Repiblik Dominikèn nan rekòlte plis pase 64 milyon dola vèt nan vann viza 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
konsila repiblik dominikèn nan rekòlte plis pase 64 milyon dola vèt nan vann viza 

Daprè yon repòtaj jounal Dominiken an, Listin Diario, reyalize ayè lendi 28 novanm 2022 a, Konsila Dominiken an an Ayiti ranmase plis pase 64 milyon dola vèt ant lane 2015 pou rive 2022, kòb sa yo rantre nan pòch responsab konsila peyi vwazen an nan vann Ayisyen viza.  

Depi yon bon bout tan, sitwayen Ayisyen yo antame demann viza Dominiken an anpil. Mete sou sa, kantite lajan konsila peyi a nan kesyon an kolekte, li estime ak yon montan 64 milyon 212 mil 645 dola meriken nan yon peryòd 7 ane.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vrèman vre, kantite lajan sa a konsila dominiken an touche a reprezante plis pase 75% lajan misyon diplomatik dominiken yo atravè monn lan pandan peryòd sa a. Nan rapò sa a jounal Listin Diario pibliye a, ki te genyen kòm 2 prensipal anketè jounalis Carolina Pichardo ak Milo Milfort, te fè limyè sou biznis viza Dominiken an an Ayiti, daprè yo ki pote anpil avantaj ekonomik pou peyi vwazen an. 

Nan peryòd sa yo, sitwayen Ayisyen yo te resevwa 89% nan 818 mil 885 konsila misyon viza Dominiken yo. Se Ministè koze Etranjè Repiblik Dominikèn nan ki pataje chif sa yo. 

Toujou daprè jounalis Carolina Pichardo ak Milo Milfort. Soti 2020 pou bout 2021, gen yon ogmantasyon ki evalye a 40% nan viza dominiken an pou ayisyen yo 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.