Konsta sou pri pwodwi pwemye nesesite yo 

Netalkole Media
ParNetalkole Media
Le Marché Salomon, à Port-au-Prince Photo : Radio-Canada / Étienne Côté-Paluck

La nou nan mache petyonvil, 10 zè nan maten tout aktivite yo déjà demare nan mache a, yon veritab monte desann, malgre lavi-a chè sitiyasyon ekonomik lan parèt, menm lè majorite popilasyon an pa vle pran lari akoz ensekirite a ak mank mwayen ekonomik lan, men machann yo oblije pran lari a menmsi kantite moun yo diminye men fok pep la manje. Antouka bagay la rèd Ki rezon ki ta lakoz tout pwodui yo ap monte tèt nèg chak jou Bondye mete.   

Pou pri podwi yo menm se kandale yap kandale monte  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se anpil plenyen, macchwè gonfle nan mitan popiasyon an, kap konstate Pou yon ti mamit diri wap bezwen 80goud, ti mamit pwa nwa 150 goud, pwa mayami 160goud ak pou yon ti mamit mayi wap bzwen 70 goud et pou mamit mayi albertho 450 goud, yon galon lwil wap bzwen 1250 goud elatriye.  

Sitiyasyon yo montre yap vinn pi konplike chak jou ki pase, Si pou mete manje sou tab lakay, ou depanse anpil lajan, pou al pran yon pla deyò, anba dra, aleken ou oblije gen pou pi piti 200 goud pouw achte yon plat spaghetti. Se pa ni 2 ni 3 vwa ki pa sispann leve pou mande dirijan yo gade kòman yo ka sòti peyi ya nan Kriz sa, dirijan yo dwe travay pou amelyore kondisyon yo pou pri prodwi premyè nesesite yo kapab aksesib, konsa enkyetid popilasyon an ap diminye, menm lè klima ensekirite ya kontinye ap konplike lavi sitwayen yo. 

REDAKSYON : Galand Bélizaire

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.