Konstriksyon latrin sou sit kay Anperè Jacques 1er, ISPAN atake ajan pwovizwa machan Desalin lan, Dunord Sileus 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
konstriksyon latrin sou sit kay anperè jacques 1er, ispan atake ajan pwovizwa machan desalin lan, dunord sileus 

Enstiti Nasyonal pou Sovgad Patrimwa n Nasyonal (ISPAN), kritike Dunord Sileus, ajan pwovizwa Machan  Desalin, paske li te otorize konstriksyon latrin sou sit kay Anperè Jacques 1er. 

Ajan pwovizwa Machan Desalin nan, Dunord Sileus, krache sou memwa Anperè Jean Jacques Dessalines nan bay pèmisyon pou konstwi latrin sou sit kay Anperè a.  Desizyon sa a ki touche jis nan zo Enstiti pou Pwoteksyon Eritaj Nasyonal la, se sak fè enstitisyon an mande restorasyon eta orijinal sit la rapid epi pou demoli tout konstriksyon modèn. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon korespondans ki gen siyati direktè jeneral ISPAN, Jean Patrick Durandis enstitisyon an fè konnen desizyon pou bay yon pèmi pou konstwi latrin sou sit sa a ki trè senbolik tankou kay Anperè Jacques 1er se tou senpleman enposib e inadmisib pou ISPAN, Direktè jeneral la di tou konsidere ke pa zak sa a, Meri a vyole Dekrè Prezidansyèl la nan klasifikasyon ki elve kay  Anperè Jacques 1er nan ran  Eritaj Nasyonal la. 

Se poutèt sa Enstitisyon an espere Meri vil Desalin la rale tèt li epi mete yon fen ak  jan yap degrade sit enblematik sa a.  Yon lòt bò direktè Jeneral ISPAN mande pou etabli  eta orijinal  sit la nan yon tan ki trè kout epi pou demoli tout konstriksyon modèn yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.