Yon lòt sispèk nan lanmò Jovenel Moïse la prezante devan kabinè enstriksyon 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon lòt sispèk nan lanmò jovenel moïse la prezante devan kabinè enstriksyon 

Nan kad enstriksyon k ap mennen nan dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la, polisye Bony Grégoire prezante jounen jedi 8 septanm lan pou yon premye fwa devan kabinè enstriksyon pou reponn kesyon majistra Walther Wesser Voltaire. 

Majistra enstriktè Walther Wesser Voltaire ki gen responsablite fè enstriksyon dosye asasina ansyen chèf Leta a, tande jounen jedi 8 septanm lan ansyen ajan CIMO Bony Grégoire ki ta pami moun ki enplike yo nan dosye sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè pastè Christian Emmanuel Sanon ki te prezante devan jij Voltaire semèn ki sot pase an, polisye sa ki nan prizon depi deja yon lane akoz prezime enplikasyon l nan lanmò ansyen prezidan an, te prezante nan kare enstriksyon majistra pou yon premye arestasyon l nan kad dosye sa. 

Ansyen ajan CIMO a te jwenn arestasyon l nan mwa jiyè 2021, tousuit aprè asasina ansyen prezidan an, ansanm avèk de lòt polisye, Clifton Hyppolite ak Dominick Cauvin, ki yo menm tou ta enplike nan dosye sa. 

Ansyen prezidan an te asasinen lakay li, Pèleren 5, nan lannwit 6 pou rantre 7 jiyè. Nan kad dosye sa, genyen plis pase yon karantèn moun fèmen nan prizon, pami yo yon dizèn kolonbyen ak ayisyen-ameriken. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.