Koupe pye bwa pou fè barikad, yon pratik k ap gen anpil konsekans sou anviwònman pi douvan 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : JOHNSON SABIN

Kriz sosyopolitik la kenbe peyi d Ayiti anba gagann depi plizyè mwa deja. Akòz lavi chè, ensekirite, pami kèk lòt, pèp la blije pran lari pou fè vwa li pase, men metòd revandikasyon yo radikal anpil. 

Pandan dènye mouvman revandikasyon ki te kòmanse lendi pase yo, pèp la drese anpil barikad pou bare chimen epi anpeche sikilasyon an fèt kòrèkteman. Si gen kote barikad yo se ak kawoutchou k ap boule yo fè yo, gen anpil lòt se fatra, wòch epi pye bwa elatriye : sa ki pa bon pou anviwònman. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lafimen ak sant kawoutchou k ap boule te deja prezante yon gwo risk  pou lanati ak lasante moun k ap respire yo a, kounya pwotestatè yo pran plezi nan boule fatra ak koupe pye bwa pou bloke vwa piblik la nan plizyè zòn, sitou sou Delma, ak nan vil pwovens yo. 

Deja pat gen ase pye bwa ki te plante pandan dènye ane sa yo, mete sou sa ministè Anviwònman pa janm fè kanpay pou sa, vin twouve jounen jodi a moun ap fè lanati peye pou fistrasyon yo nan koupe pye bwa pou bloke wout. 

N ap raple lè yon moun deside koupe yon pye bwa pou bon plezi oubyen pou fè yon revandikasyon pase li kite anpil konsekans pou lanati ak pou lavi l tou pi douvan, paske lè lapli tonbe dlo ap fè gwo dega epi pote ale tout kouch arab yo, tè a pa p ka reziste lè gen deboulonnay tè lè lapli tonbe konsekans yo ap anpil, epitou ti zwazo p ap fleri pye bwa yo, yo prale, elatriye. Ann pwoteje pye bwa yo.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.