Minis afè sosyal ak travay la mande debloke lari a pou livrezon gaz la ka fèt nan ponp yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
minis afè sosyal ak travay la mande debloke lari a pou livrezon gaz la ka fèt nan ponp yo

Nan yon entèvyou sou Radio Magik 9 jounen mekrèdi 14 septanm 2022 a, minis afè sosyal ak travay la, Odney Pierre Ricot, lanse yon apèl ak popilasyon an pou mande debloke lari a, yon fason pou gaz la kapab livre nan ponp yo. 

Fas ak mouvman pwotestasyon yo k ap dejenere nan kapital la ak nan plizyè vil pwovens andedan peyi an ki lakoz anpil wout bloke, sitou aprè anons gouvènman an pou ogmante pri pwodui petwolye yo, minis afè sosyal ak travay lan fè kwè sitiyasyon sa se ta prensipal rezon ki lakoz gaz la poko ka disponib nan ponp yo pou popilasyon an.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

«Mwen mande zanmi m yo ki nan lari a libere l pou pèmèt kamyon sitèn yo livre gaz la nan estasyon sèvis yo, yon fason pou pwodui sa yo kapab disponib pou popilasyon an», deklare minis afè sosyal la nan emisyon Panel Magik ayè mekrèdi 14 septanm lan. 

Minis Odney Pierre Ricot fè konnen egalman, moun yo ki nan lari a pa p pwoteste kont ogmantasyon pri petwòl la, men pito y ap denonse absans sèvis yo pa jwenn nan men Leta. Daprè gouvènman an, Leta ayisyen depanse 9 milya goud nan sibvansyone pwodui petwolye yo. 

Nan yon desizyon ki pran nan yon konsèy minis madi 13 septanm 2022 an, gouvènman Ariel Henry an deside ogmante pri gaz la ki pou kounya fikse a 570 goud galon gazolin, 670 goud diesel epi 665 goud galon kewozèn. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.