Kriz sosyo pilitik : Fritz Alphonse Jean mande pou gen yon konsansis politik  

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Foto : Facebook (Fritz A. Jean)

Biwo Kominikasyon Fritz Alphonse Jean, prezidan eli akò Montana a, nan yon kominike fè konnen lidè a ap kontinye diskisyon politik ak aktè nan sosyete sivil la, operatè ekonomik, pati politik, ayisyen nan dyaspora a, òganizasyon peyizan ak tout fòs reprezantan sosyete a ak kominote entènasyonal la pou jwenn yon konsansis politik pou abòde kriz sistemik sa peyi a ap fè fas jounen jodia. 

Reprezantan eli akò Montana a mande tout sektè nan lavi nasyonal  la pou yo kenbe kalm yo, serenite yo pou yo pran chemen konsansis nasyonal la ansanm. « Fritz Jean kwè plis pase tout tan se sèlman konsansis sa a ki kle pou ouvè pòt pwogrè ak lapè sosyal ann Ayiti », ekri Biwo kominikasyon Ekonomis lan, ki fè konnen Prezidan eli nan akò Montana a, santi li  konsène pa kriz anraje sa nan peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se poutèt sa, li lanse yon apèl bay tout fòs vivan yo nan nasyon  pou yo dyaloge konsa yap jwenn yon konsansis politik ki ap mennen nan yon lapè sosyal. 

Yon lòt bò, Fritz Alphonse Jean, mande tout aktè nan lavi nasyonal pou yo ale pi lwen nan mete enterè nasyon Ayisyen an pi wo pase enterè pèsonèl ak sektoryèl. 

« Viv akò Montana Viv yon konsansis nasyonal!Viv Ayiti! », konkli Biwo kominikasyon  Eli akò Montana, Fritz Alphonse Jean. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.