Kriz Gaz : pòt plizyè lopital kòmanse fèmen, sitiyasyon an konplike 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
kriz gaz pòt plizyè lopital kòmanse fèmen, sitiyasyon an konplike 

Rate gaz la pèsiste ak fòs sou tout tèritwa nasyonal la. Enstitisyon piblik tankou prive yo kòmanse fèmen pòt yo, sitou lopital yo. Si n ta kwè lopital pwovidans Gonayiv la ak lopital « Saint Nicolas » nan vil Sen Mak. Alòske  Sant lopital kominotè « Pierre Payen » an deja anonse apati jodi madi 27 septanm lan, sant pa l la pap fonktone. 

 Enstitisyon medikal sa yo ap fè fas ak difikilte sa yo chak jou pi plis, akòz gaz la ki pa disponib andedan ponp yo depi plizyè jou, sa ki pi tris la se èd y ap mande nan men bon samariten. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Youn nan lidè sant lopital Pierre Payen an deklare nan yon entènvyou ak yon medya nan kapital la, pou medsen yo te rive fè 2 sezaryèn ayè lendi an, yo te blije retire gaz nan 2 veyikil, lè yo vin konstate sitiyasyon 2 fanm ansent sa yo te vin dejenere. 

Malgre plizyè apèl pou granmèsi yo fè ak divès  enstitisyon nan peyi a, otorite konsène yo di y ap lite pou pran bon jan dispozisyon ki nesesè pou mete gaz disponib nan ponp yo, alòske, revandikasyon pèp la poko satisfè. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.