Aprè tit meyè jwè Ligue 1 an pou sezon 22-23 a, nan kad 31èm edisyon twofe sa UNFP a, Kylian Mbappé fè konnen l ap rete nan PSG jiskaske kontra li fini an 2024. Yon deklarasyon ki voye jete tout rimè ki ta fè konprann jwè a ta anvi kite klèb kapital la pou l siyen ak Real Madrid sezon k ap vini.
Pou yon 4èm fwa, Kylian Mbappé pran tit UNFP a nan chanpyona fransè a. Nimewo 7 PSG a, ki se meyè bitè Ligue 1 an, fè konnen l ap rete nan Paris-Saint Germain pou 2024, dat kontra li ap bout ak klèb la. Nan sans sa, li te pale konsa nan mikro laprès aprè 31èm edisyon twofe UNFP a.
« Y ap pale sou avni m ? Se byen sa. M kontan, m gen yon kontra, ane k ap vini m ap la, m ap kontan la », deklarasyon jwè a nan mikwo Prime Vodeo.
Atankan Fransè a gen yon kontra pou 2024 ak PSG. Yon kontra ki kapab pwolonje pou yon ane anplis, sa ki posib pou 31 jiyè 2023. Mbappé ki anonse plizyè fwa nan Real Madrid, pou anpil sipòtè Merengue yo, se potansyèl jwè ki te kapab vin ranplase konpatriyòt li, Karim Benzema. Real Madrid oblije rete tann epi chache lòt altènativ pou ranfòse pwent atak li a nan mèkato ete a.
Facebook Comments