Messi ak Neymar, 2 sib Manchester United pou mèkato ete a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
messi ak neymar, 2 sib manchester united pou mèkato ete a

Daprè jounal El Nacional, Manchester United gen pwojè fè vini Messi ak Neymar nan klèb anglè a pou mèkato ete a. Ajanten an yo anonse san rete nan FC Barcelone, kapab depoze valiz li nan ekip Reds Devils yo.

Depi kèk tan, Messi ak Neymar pa nan plan katari yo ankò akoz atitid ajanten an epi blesi Neymar yo ki plede fèt ak repetisyon. Dirijan United yo ta deja kòmanse diskisyon yo avèk PSG.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anonse san rete nan wayòm Arabisawoudit la, prensipalman nan klèb Al-Hilal la oubyen nan FC Barcelone, chanpyon mondyal 2022 a kapab rete an ewòp paske Manchester United montre enterè l pou jwè a ak tout koyekipye li nan PSG, Neymar.

Daprè sa El Nacional ak l’Équipe fè konnen, dirijan Manchester United yo deja kòmanse pale ak Paris Saint-Germain pou Messi ak Neymar. Kèk nan agiman Reds Devils yo genyen pou konvenk 2 jwè yo se Lig dè Chanpyon an, san bliye batay pou kraze dominasyon gran rival yo Manchester City.

Sependan, FC Barcelone poko di dènyè mo l sou dosye retou Messi a. Katalan yo prè pou yo fè san sòti nan wòch pou siyen glwa ekip la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive