Lachin leve karantèn pou vwayajè entènasyonal yo aprè 3 lane 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
lachin leve karantèn pou vwayajè entènasyonal yo aprè 3 lane 

Pékin deside mete yon bout nan politik « zewo Covid » li a, kote moun ki pat ka vwayaje, fè antre soti nan peyi Lachin depi 3 zan, jwenn posibilite a, jodi dimanch 8 janvye 2023. Yon desizyon ki te pran depi kriz sanitè koronaviris la. Anpil moun rive nan ayewopò entènasyonal Shanghai la pou yo ka fè premye vwayaj yo aprè desizyon gouvèneman an te pran sou pandemi Covid la.  

Peyi Lachin deside mete fen ak politik  » zewo Covid » la, kote li bay posibilite ak vwayajè entènasyonal yo pou yo vwayaje aprè 3 lane. Yon desizyon ki ta pral gen gwo konsekans sou ekonomi peyi a, ki ta pral fè anpil pale anpil ak manifestasyon nan peyi Lachin. Anpil moun gentan sou fwontyè terès ak maritim peyi Lachin pou yo kapab kòmanse vwayaje.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Otorite yo te anonse sa pou mwa desanm ki sot pase a, aprè anons sa anpil moun te gentan fè rezèvasyon yo epi ap tann kilè pou jou sa rive. Nan mikwo jounalis AFP nan Ayewopò Shanghai, yo fanm ki rele  Pang te montre jwa l ak kè  kontan li aprè desizyon sa.  

« Nou soti konsa, menm jan nou te konn fè l. M panse se yon bon bagay pou nou paske politik la chanje. M rete kwè se yon etap ki enpòtan. Covid la sou kontwòl, aprè pil pwoblèm sa yo, nou panse tout bagay ap kapab miyò ». 

Aprè tout pwoblèm sa yo nan peyi Lachin akoz karantèn nan, anpil moun  kwè lavi a pral chanje menm jan sa te ye avan Covid la. Tout baryè ki te genyen sou fwontyè yo retire, menm ajan ki t ap siveye yo pa la.  

Anpil ak yon pakèt vwayajè pare pou yo vin Séoul, ki se youn nan kote anpil touris vizite nan kontinan Azi a, anpil chinwa renmen ale la. Lòt vil tankou Tokyo, Hong Kong pare pou yo resevwa chinwa yo aprè 3 lane karantèn sa. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive