Lapolis arete 2 prezime kidnapè epi libere yon otaj 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis arete 2 prezime kidnape epi libere yon otaj 

Lapolis nasyonal d Ayiti (PNH, nan sig) enfòme li mete lapat sou 2 endividi ki ta sanble enplike nan kidnape moun nan depatman Sant peyi a, pi presizeman nan zòn Mayisad. 

PNH rive fè kout filè sila yo jedi 29 ak vandredi 30 septanm pase a nan Mayisad, epi rive libere yon moun kriminèl yo te kidnape. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou rezo sosyal li yo, enstitisyon polisyè a rapòte plizyè ajan polis ki afekte nan komin Mayisad te pwosede ak liberasyon Mercela Libertine, jedi 29 septanm pase a. Nan menm jou a yo te mete lapat sou prezime kidnapè yo. 

Konsa, polisye yo te mete anba kòd Dieu Desauguste, ki t ap siveye otaj la, epi nan vandredi 30 septanm, Gonel Pierre te jwenn arestasyon pou enplikasyon prezime l nan zak malonèt sila. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.