Lapolis arete 3 moun, epi ap chèche 2 lòt pami yo , yon pastè pou trafik zam ak minisyon

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis arete 3 moun, epi ap chèche 2 lòt pami yo , yon pastè pou trafik zam ak minisyon

Lapolis gras ak entèvansyon ajan ladwàn yo ak envestigatè DCPJ/BAC arete 3 moun epi sezi plizyè materyèl lagè aprè yon fouy yo te fè nan peryòd 7 pou rive 13 jen 2023, nan yon konntenè sispèk . Entèvansyon an te fèt nan yon depo nan Drouillard, nan Komin Site Solèy. Apre fouy sa, lapolis arete 3 moun epi ap chèche 2 lòt moun ki ta enplike nan dosye trafik sa, pami yo , yon pastè.

Daprè enfòmasyon ekip kominikasyon Lapolis Nasyonal Dayiti a pataje , Zam ak minisyon sa yo te soti nan peyi Etazini, pi presizeman nan Eta Florid.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Verifikasyon sa a ki te fèt nan depo a soti 7 pou rive 13 jen 2023 a, te mennen arestasyon twa (3) moun pami yo Sébonnet Michel ak Wilbains Georges ki se 2 prensipal moun ki akize kòmkwa yo ta gen dwèt yo tranpe byen long nan trafik zam ak minisyon.

Aprè DCPJ te fin tande 2 prezime koupab yo, endividi yo te ede anketè yo arete 13 jen an, nan Dèlma, Guérisma Odoineb, yon lòt moun ki ta enplike nan dosye a.

Aprè 3 kout filè sa yo, lapolis mete yon manda arestasyon dèyè 2 lòt endividi ki gen ladan l yon Pastè ki abite Ozetazini. Pandan PNH anonse tou Koperasyon l ak FBI / ATF pou fasilite arestasyon endividi yo kòmsadwa.

 

Kredi Foto:  PNH

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.