Aprè kalifikasyon istorik medam ayisyèn yo fas ak ekip Chili a (2-1), madi pase a, grenadyè yo pami 32 nasyon ki pral jwe 9vyèm edisyon Mondyal fanm yo nan Peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland, soti 20 jiyè pou rive 20 dawou 2023. Ekip teknisyen Fransè a, Nicolas Délepine lan ap jwe premye match li fas ak Angletè 22 jiyè. Kite koze foutbòl, konbyen kòb medam yo ka fè nan Mondyal sa ?
Tout moun konnen Ayiti kalifye pou 9vyèm edisyon Mondyal 2023 a epi tonbe nan gwoup D a ak Angletè – Lachin – Danmak. Sa ki enpòtan se kòb chak ekip ap resevwa pou patisipasyon yo ak evolisyon yo nan konpetisyon sa k ap òganize sou kontinan Oseyani an. Ayiti ki pral mete talan li yo nan pi wo nivo foutbòl fanm yo, pral pèmèt Federasyon Foutbòl la (FHF) antre lajan.
Se premye fwa Mondyal fanm yo ap fèt ak 32 ekip, sa ki fè prim yo ap ogmante pa rapò ak edisyon ki te konn fèt avan yo. An 2022, prezidan FIFA Gianni Infantino te fè konnen lajan an ap plis pou 9vyèm edisyon an.
Pou 8tyèm edisyon an ki te fèt ak 24 ekip an 2019 nan peyi Lafrans, FIFA te sipoze bay 30 milyon dola us pou konpetisyon sa. Medam amerikèn yo ki te chanpyon, te resevwa 4 milyon dola us.
Chak peyi ki te patisipe te resevwa yon sòm : 750 000 mil dola us. Ekip ki te kalifye pou 8tyèm final yo te jwenn yon milyon, pou kadefinal la se te 1,45 milyon. 3zyèm nan te soti ak 2 milyon, ekip ki te 2zyèm nan te resevwa 2,6 milyon epi ekip chanpyon an te soti ak yon sòm : 4 milyon us.
Pou 9vyèm edisyon an, FIFA prevwa ogmante prim yo, sa ki fè Federasyon Foutbòl Ayiti a ap kapab fè bon lajan, sitou si medam yo ta ale lwen nan konpetisyon an.
Facebook Comments