Lapolis arete yon polisye ki kouzen chèf gang Vitelhomme Innocent

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
lapolis arete yon polisye ki kouzen chèf gang vitelhomme innocent

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), nan yon nòt pibliye jodi samdi 11 mas 2023 a, fè konnen polisye Micioni Pradel Innocent, kouzen lidè gang Vitelhomme Innocent, te arete ayè vandredi 10 mas 2023 a nan Lewogan pou afilyasyon li ak gang.

Daprè enstitisyon polisyè a, ajan sa a te plase nan Kò Entèvansyon pou Antretyen Lòd (CIMO) nan yon sitiyasyon abandon pandan plizyè mwa, Direksyon Santral Lapolis Jidisyè (DCPJ) ak Enspeksyon Jeneral la Polis Nasyonal la t ap chèchè l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Micioni Pradel Innocent ta dwe transfere yon ti tan nan DCPJ, yon fason pou yo kapab odisyonel.

Yon lòt bò, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) raple Operasyon Tònad I an ap kontinye nan lide pou febli epi demonte gang kriminèl sa a, Chèf gang Vitelhomme Innocent ap dirije a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.