Lapolis fè yon nouvo pèt materyèl anndan Vilaj de Dye

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
lapolis fè yon nouvo pèt materyèl anndan vilaj de dye

Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pran yon nouvo echèk nan Vilaj de Dye ki twouve l nan 3èm sikonskripsyon Pòtoprens lan, jodi lendi 22 me 2023 a. Bandi “5 Segond” yo boule yon traktè pou enstitisyon an pandan yon operasyon nan fyèf gang yo.

Alòske depi plizyè semèn fòs lòd yo deside pou mete yon fen ak rèy bandi yo ki bloke antre sid kapital la, nan nivo Matisan, 22 me sa a PNH la fè yon gwo defisi aprè kriminèl sila yo te lanse “koktèl molotòv” sou veyikil sila ki te konn pèmèt fòs lòd yo kraze kay bandi yo konn itilize pou fè baz, epi pou debloke wout.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè PNH la fin pèdi 2 veyikil blende anba menm gang sila a Johnson André plase nan nò kapital la, nan yon anbiskad ki koute lavi ak yon polisye tou ki se Roberto Charleston – jounen jodia li pèdi yon materyèl enpòtan ki te konn pèmèt li antre ak fasilite nan kèk fyèf gang.

Sou rezo sosyal yo, patikilyèman Facebook, menm gen yon videyo ki pibliye ki montre yon pati nan entèvansyon sila ki mal pase. Premye enfòmasyon yo fè kwè imaj sila yo se dwòn bandi Vilaj yo ki pran l, e se delenkan yo ki pibliye l pa eksprè pou fè wè pisans ak kapasite yo.

Nan menm videyo sila, nou ka wè yon polisye k ap kouri epi tonbe leve pou l pa tonbe anba bal bandi yo. Men jiskaprezan PNH la poko pwononse l sou sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article