Migrasyon nan peyi Meksik abandone 150 Ayisyen sou yon plas

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
migrasyon nan peyi meksik abandone 150 ayisyen sou yon plas (1)

Plis pase 150 migran ayisyen abandone san okenn asistans depi yon semèn nan vil Acapulco, nan kòt sid peyi a. Sa rive aprè pèsonèl Enstiti nasyonal migrasyon (INM) te transfere yo nan yon lòt destinasyon nan pasifik meksiken an, se menm kote sa yo t ap resevwa yon pèmi.

Pou kèk migran, “papye” oubyen “ti moso” sila pou yo ka travay oubyen yon pèmi sejou imigrasyon INM delivre bay etranje ki sou teritwa meksiken an pou yo ka sejoune an pèmanans.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Alòske chak jou ki pase y ap boule solèy nan fè demach pou legalize kondisyon yo oubyen fè demach pou yo janbe peyi Etazini, jiskaprezan okenn otorite pa pwononse yo sou sitiyasyon an. Migran Ayisyen yo kontinye ap viv nan deriv.

Ajans près EFE fè konnen pandan plizyè Ayisyen sila yo ap tann kondisyon vi yo amelyore sou teritwa meksiken an, y ap dòmi deyò nan fredi a ak anpil reziyasyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.