Lapolis Gonayiv arete yon pastè pou maltretans domestik sou yon timoun 13 lane

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis gonayiv arete yon pastè pou maltretans domestik sou yon timoun 13 lane

Lapolis nan vil Gonayiv mete kòd nan bra pastè David Legros madi 23 me a paske l ta pran plezi nan maltrete yon timoun 13 lane ki rete lakay li kòm domestik. Arestasyon sa fèt aprè Kòdonatè depatmantal enstiti byennèt sosyal ak rechèch yo (IBERS), Mèt Cinédais Jean, te tanmen yon ankèt.

Daprè yon jounal anliy lokal Le Facteur Haïti, pastè David Legros jwenn arestasyon l nan vil Gonayiv, depatman Latibonit, madi 23 me a, paske pandan plizyè fwa li pa sispann maltrete timoun 13 lane sa k ap viv avèk li kòm domestik.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sou rekòmandasyon Mèt Cinédais Jean, Kòdonatè Depatmantal nan IBERS, arestasyon sa a te rive posib.

Nan yon konferans pou laprès, Mèt Cinédais fè konnen yo jwenn plizyè mak sou kò timoun lan, sa ki kalifye daprè Mèt la, timoun lan konn abitye resevwa gwo pataswèl ak gwo kou nan men pastè a.

Mèt Cinédais Jean fè konnen tou, depi jou yo mete pastè David Legros anba kòd la, yo te tou mete l nan yon gadavi nan vil la epi transfere dosye l lan nan pakè Gonayiv pou swivi jidisyè yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.