Depi plizyè jou, ajan ekonomik yo kontan obsèvasyon desann dola ameriken an devan goud la. Nouvo reyalite sa ki domine mache echanj deviz yo, pa kite kèk ti machann ak ekonomis tankou Stanley Rosenay ak Énomy Germain endiferan.
Zafè monte ak desann lajan ameriken an nan peyi a se yon bagay ki byen kontwole. Menmsi gen moun ki pale sa anba tab, sa pa anpeche kèk pwofesyonèl nan domèn ekonomi revele kèk bagay oubyen pale fò sou deriv k ap fèt nan sistèm ekonimik la. Stanley Rosenay, etidyan finisan nan Syans ekonimik anndan Fakilte dwa (FDSE), fè konnen : « Pou w pale de monte ak desann deviz yo, jeneralman ou dwe aplike teyori òf ak demann, an Ayiti se nètman diferan, Bank santral fè afè l jan l vle. Se li ki gen kontwòl ti pati sa.»
Jèn inivèsitè a bay yon lis faktè ki, daprè li, bay nesans ak echanj pousantaj lajan an k ap bese a. Enpòtasyon dènye 40 milyon dola Bank santral la fèt nan lide pou apwovizyone mache a atravè bank komèsyal yo, se youn nan faktè ki ka lakoz to echanj lan tonbe tou, rapouswiv pou di.
Nan yon entèvyou ekonomis Enomy Germain te bay Radio Galaxie, li fè konnen : « Dènye milyon ki te debloke a fòse moun k ap reflechi epi k ap envesti sou mache a panse ak yon dividal estrateji pou anpeche yo fè bak paske lè nèg yo deside likide dola vèt la, tann konsekans k ap vin aprè a », pandan l ajoute: « mouvman sa yo k ap dewoule nan ekonomi an deyò tout ogmantasyon nan nivo ekspòtasyon oubyen yon amelyorasyon nan klima sekirite a ki favorab pou touris oubyen pou envestisman dirèk etranje yo ki ta kapab ankouraje rantre dola nan peyi a. Gen yon enpak negatif k ap grandi anba anba. Sitou nan tandans echanj pousantaj lajan an», sa li tire kòm konklizyon.
Èske mouvman Bwa Kale a ki gen enpak sou bese kidnapin lan, gen enpak tou sou to dola echanj deviz yo?
Kesyon sa te parèt pètinan pandan tout fen emisyon an, men otè liv « Pourquoi Haïti Peut Réussir » lan te pran anpil prekosyon nan repons li yo. « Pa gen yon done serye. Mwen evite nenpòt kòmantè sou yon enpak posib fenomèn Bwa Kale a sou sezon otòn lan nan dola a. »
Machann yo bò kote pa yo, reyaji sou kesyon ti desann k ap fèt tanzantan nan to dola a. Yo rete kwè se yon kanpay politik k ap fèt pou egare mache a. Madan Jean ki se yon machann pwodwi alimantè k ap vann nan mache Bizoton depi nan lane 1990 yo fè konnen : « lè w wè yo vle miltipliye pri pwodui yo konsa, yo fè ti desann dola a, aprè kou yo monte l sou nou. Yo ogmante sou pri anvan an nan yon limit egzajere, pou malerèz tankou m yo plonje nan vye kondisyon ».
Pou jodi jedi 25 me 2023 a, nou ka konstate to referans Bank santral la evalye ak 140,49 Goud pou yon dola ameriken.
Alòske, sa gen yon mwa, jou ki te 15 avril 2023 a, pou w te jwenn yon dola ameriken ou te oblije peye 154,32 Goud. Toutfwa, konsta yo montre sou mache a gen pri kèk pwodwi ki kòmanse desann.
Kisa nou ka espere an plis de bès to dola a nan jou k ap vini yo ? Èske reyèlman gen yon mannigèt dèyè souflèt lajan ameriken an ap pran pandan dènye jou sa yo ?
Facebook Comments