Lapolis kòmanse kraze kay anndan Vilaj de Dye

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis kòmanse kraze kay anndan vilaj de dye . kredi foto pnh

Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) entansifye entèvansyon li yo nan 3èm sikonskripsyon Pòtoprens lan, prensipalman nan Vilaj de Dye, kote depi plis pase yon semèn l ap twoke kout zam ak bandi.

Nan kad operasyon li yo, PNH la rive mete pye li nan plizyè kwen anndan Vilaj la kote li pa t gen aksè ak yo depi 12 mas 2021, dat dènye echèk li te pran anndan an ki te koute lavi ak pou pi piti 4 polisye. Jounen jodi a, done yo chanje, lapolis rive fè penetrasyon e menm rive kraze plizyè kay.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wi, menm si PNH la poko pibliye imaj ofisyèl, plizyè kontni amatè montre kijan fòs lòd yo deplwaye anndan katye sila a ki loje youn nan pi gwo gang nan peyi a, 5 Segond. Avèk machin blennde epi traktè ki gen pèl, PNH la rive kraze plizyè kay ak ti espas ki sanble ak baz kote bandi konn chita.

N ap raple, operasyon sila a mennen patikilyèman ak polisye ki nan kèk inite espesyalize tankou SWAT ak UTAG, ki se “Unité Temporaire Anti-Gangs”. Direktè jeneral polis la, Frantz Elbé, di li detèmine pou l mete lapè nan rantre sid kapital la, prensipalman nan Matisan, yon fwa pou tout.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.