Bandi yo kòmanse pran andeyò pou yo

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
bandi yo kòmanse pran andeyò pou yo

Batay kont ensekirite a ap pran tèren nan peyi d Ayiti, kote pou kounya pèp la ak lapolis tounen pwason kraze nan bouyon pou batay kont gang yo ki t ap teworize popilasyon an depi kèk tan. Akoz « van vire », plizyè bandi oblije lage kò yo nan mòn.

Depi kòmansman “Bwa Kale” a nan peyi d Ayiti, se plis pase yon santèn bandi ki pase anba kòlè popilasyon an ki pa neglije itilize tout sa k vin anba men l pou l koresponn avèk kriminèl yo, tankou bwa, bout fè, manchèt, wòch, kòd (pou trennen yo) epi kawoutchou.

Avèk rechèch òlalwa yo ki entansifye nan kapital la, plizyè nan yo te oblije sove ale andeyò pou al kache. Men malerezman, “Bwa Kale” a pa gen fwontyè sou teritwa ayisyen an. Anwo kou anba, nan tout depatman, pèp la ak lapolis ap veye bandi, e sa ki gen plis chans yo jwenn arestasyon yo, aprè sa se lanmò tèt dwat pèp la ofri yo.

Pou kounya a, tout teritwa a an alèt. Nan menm moman an, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ap miltipliye operasyon li yo kont gang yo ki nan kapital la, Pòtoprens, patikilyèman nan 3yèm sikonskripsyon an. Plizyè bandi ki t ap opere la sove al andeyò, genyen fòs lòd yo rive met lapat sou yo epi mete do yo atè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.