Lapolis Konfime lanmò chèf gang Ti Makak

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Ti Makak veut faire sa loi à Laboule, mais la PNH s’y oppose

Enfòmasyon an te deja inonde entènèt la. Chèf gang nan Laboul la, « Ti makak » ki te blese pandan yon operasyon lapolis bwè dlo danl, daprè enstitisyon PNH la.

Pòtpawòl lapolis la, Garry Desrossiers, nan yon konferans pou laprès lendi 24 avril 2023 sa, konfime, lanmò « Ti makak » ki t ap diriji gwoup gang k ap simen laterè nan zòn Laboul, nan wotè komin Petyonvil.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, Pòtpawòl PNH la fè konnen gen plizyè lòt prezime bandi ki tonbe anba bal lapolis nan echanj kout zam ak ofisye PNH yo pandan kèk entèvansyon lapolis te mennen.

N ap raple tou, popilasyon nan lokalite Kanapevè a lapide epi mete dife sou plis pase yon douzèn nèg ak zam, aprè lapolis te fin arete yo nan yon ti bis k ap sot Petyonvil, nan maten lendi 24 avril 2023 sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.