Yvenert Foeshter Joseph sèmante Patrick Moussignac ap sipòte gouvènman Ariel la

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
yvenert foeshter joseph sèmante patrick moussignac ap sipòte gouvènman ariel la

Yvenert Foeshter Joseph ki t ap pale nan Jounal Kreyòl RTVC a maten lendi 24 Avril 2023 a fè yon seri gwo deklarasyon sou sitiyasyon peyi a ap fè fas jounen jodi a, responsab Radio Sans Fin an (RSF), pandan entèvansyon l fè konnen  » Si DG a chanje bò, Caraïbe ap rezoud sa k gen la ».

Li te nan lè 7è nan maten pral 8è, ekip prezantatè jounal la ki t ap resevwa apèl tribò pabò sou yon seri dram ki t ap klenyonnen nan zòn Turgeau ak Site Solèy, Yvenert Foeshter Joseph te rele nan emisyon an pou fè tande ansanm kritik li genyen fas ak sitiyasyon malatchyong peyi a ap fè fas dènye tan sa yo. Premye deklarasyon l yo te ankouraje popilasyon an kenbe batay yo mennen sou 17 prezime bandi ki te abò yon ti bis lapolis te entèsepte granm bonè maten 24 avril la nan zòn Kanapevè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pi lwen, li montre ak klè Radio Télé Caraïbes ap sipòte gouvènman an plas la, Ariel Henrry ap dirije a, yon deklarasyon ki te leve plim sou do prezantatè vedèt jounal la Guerrier Dieuseul, ki ta pral blije pran defans Patrick Moussignac fas akizasyon sa a Yvenert ta fè a.

Yvenert : « Depi DG a vag sou gouvènman an nou bon ?  »

Guerrier Dieuseul : « Ki Gouvnman, sa k la a ? « .

Yvenert : « Wi »

Guerrier Dieuseul : « Pa gen moun ki nan gouvènman sa la monchè ! Pa gen pèsòn moun k ap sipòte sa k l a la »

Yvenert Foeshter Joseph sèmante responsab Radio Caraïbes la gen dwèt li tranpe byen fon nan gouvènman aktyèl la, pandan Guerrier Dieuseul vle fè kwè se Radio Caraïbes ki te kòmanse batay kont ensekirite Kafou Fèy la.

Bò kote pa l, direktè jeneral radyo a Patrick Moussignac ki, li menm tou te rele nan emisyon an demanti enfòmasyon an epi trete Yvenert Foeshter Joseph mechan aprè seri akizasyon sa li fè yo,  » Kot gouvènman ki gen la pou moun kenbe a, si mwen Patrick Moussignac, mwen nan konfyolo ak Ariel Henry, se pou Ariel di sa piblikman », youn nan deklarasyon Patrick Moussignac yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon senp konvèsasyon ak yon senp deklasyon ki deja debouche sou yon pakèt pale anpil sou rezo sosyal yo, Yvenert pandan tout deklarasyon yo malgre akizasyon an, pa t sispann montre respè li genyen pou Patrick Moussignac ak tout estaf radyo a, paske li se yon ansyen anplwaye enstitisyon an tou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.