Lapolis leve restriksyon tanporè li te met sou pèmi pou moun pote zam legal nan peyi a

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
lapolis leve restriksyon tanporè li te met sou pèmi pou moun te pote zam na peyi a

Polis Nasyonal d Ayiti (PNH, nan sig fransè), nan yon nòt pou laprès nan dat 21 septanm nan, anonse li leve sispansyon tanporè li te mete sou pèmi pou moun te pote zam sou teritwa nasyonal la nan jou ki sot pase yo. 

Direksyon jeneral polis la te pran desizyon sila nan lide pou te pwoteje vi ak byen sitwayen yo pandan dènye mouvman pwotestasyon popilè yo, ki te gen nan kapital la Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens. Li fe konnen jounen jodi a mezi sa leve.  

“PNH la pran tout dispozisyon pou evite sèn piyaj sou vwa piblik la epi fasilite sikilasyon an reprann libelibè sou vwa piblik la”, nou kapab li nan nòt sila. 

Direksyon jeneral lapolis la di l konte sou kolaborasyon popilasyon an an jeneral ak tout sektè nan lavi nasyonal la pou retabli yon klima sekirite solid, pandan l ap renouvle detèminasyon l pou l kontinye batay kont bandi yo, gang ak zam yo epi kidnapin nan.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.