Lapolis mete do Chambrin atè, se non sa anpil moun rele l, yon bandi tèrib lapolis te gen gwo avi rechèch dèyè l pou asasina sou divès polisye. Pandan operasyon sa ki fèt maten lendi 15 me 2023 sa a, nan echanj kout zam ak Lapolis nan vil Okap, nan yon zòn ki rele Baz Ameriken, prezime a pa t ka kenbe kòl anba kout bal ajan fòs lòd yo.
Enfòmasyon yo revele prezime asasen an te fè pati gwoup gang « Aji Vit » la ki gen nan tèt li Ti Peter. Yo abitye teworize zòn Shadda 2, yon zòn ki sitiye l nan kè vil Okap.
N ap raple, se Chambrin sa ak pwòp men li ki te asasinen polisye Joseph Larousse, yon ajan UDMO, 27èm pwomosyon, nan dat 10 jen 2020. Li te tou touye tou Telfort Frère, nan Kafou Lacho, Petite-Anse, yon 26 desanm 2020.
Remake byen, nan avi lapolis te pibliye a, misye Chambrin te gen gwo akizasyon sou do l, tankou patisipasyon li nan plizyè ka vòl, vyòl epi asasina.
Facebook Comments