Nan okazyon mwa eritaj Ayisyen an ki fete chak ane nan mwa me nan peyi Etazini, la polis nan vil Miami mete yon anbalaj sou youn nan machinn li yo ak koulè drapo Ayiti a .Sou machin sa, yo prezante nan lakou sant kiltirèl “little haiti” nan dat 2 me 2023 genyen drapo Ayiti a , kat jewografik peyi a ak deviz lan ki vizib tou.
Nan yon videyo ki sou tout rezo yo nou ka wè sou machinn sa Citadelle laferrière lan ki se yon espas istorik ak touristik nan peyi Dayiti.
Nan okazyon sila chèf lapolis nan vil Miami an , Manuel Morales deklare mesaj li espere ki ap pase ak aksyon sa sèke “diferans yo fè nou vinn pi bon” .
Aktivite sa ki dewoule nan little Haiti a ki genyen yon gwo kominote ayisyen fèt preske chak ane nan mwa me nan lide pou selebre istwa ak kilti ayisyèn lan ki pote anpil bagay nan devlopman peyi Etazini.