Bandi Matisan kontinye ap kidnape moun san rete

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi matisan kontinye ap kidnape moun san rete

Zak kidnapin yo kontinye ap taye banda nan katye Matisan depi aprè swadizan lapè ki tabli ant gang Tibwa yo ak Vilaj, Gran Ravin lan, plizyè chofè bis ki asire transpò Pwovens-Pòtoprens plenyen epi denonse seri zak malonèt sa yo ki pa sispann klenyonnen tribò pa bò anba je yo.

Anplis kòb mesye ak zam nan Matisan yo ap touche nan men chofè machin yo chak vwayaj, kidnapin nan pa kaba anba a. Nan kòmansman semèn nan, mesye yo kanpe plizyè machin pou fè resèt, yo pran plezi fè moun desann machin nan sou pretèks pou fwouye yo epi yo rantre ak yo nan patiraj yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Granm bonè maten 3 me 2023 a, kèk chofè bis ki t ap pale nan mikwo laprès denonse sitiyasyon sa a y ap viv nan rantre Sid Kapital la. « Se plis nan machin pwovens yo yo kidnape moun yo, avanyè gen yon dam ki chita devan yon bis Okay ak yon kachnen nan figil epi yon chapo, mesye yo pranl pou dyaspora, yo kidanpel » te site yon chofè ki asire trajè Okay ak Pòtoprens.

Sitiyasyon an toujou pa chanje nan rantre Sid Kapital la, malgre grenn bal pa tire, bandi ak zam yo pa bliye zouti yo. Espesyalman nan matisan 7 ak 5yèm Avni Bòlòs, se la a mesye yo kidnape moun epi egzije gwo sòm lajan pou libere yo. Yon latriye sitiyasyon ki pouse plis pitit tè a anvizaje kite peyi a pou al rale yon souf lòtbò dlo peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.