Lapolis prezante nouvo inifòm Swatteam pral pote pou rès ane a

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis prezante nouvo inifòm swatteam pral pote pou rès ane a

Lapolis nan kad yon konferans pou laprès yo bay sou ansanm materyèl yo sezi nan men 14 bandi ki te abò bis pap padap yo te kenbe mòn kanapevè a, prezante ayè mèkredi 26 avril la, nouvo inifòm « Vert olive » kò Swatteam lan gen pou pote pandan rès ane a.

Swatteam ki gen misyon l pou libere otaj yo kidnape, entèvni sou sèn brakaj, ak klan bandi ki depase entansyon polis administrativ la, pral sikile ak yon nouvo inifòm pandan rès ane a. Garry DESROSIERS, ki se pòt pawòl enstitisyon PNH la fè konnen,  » Swatteam pandan dènye tan sa yo kontribiye epi bay rezilta nan anpil misyon PNH la reyalize », ajan yo ki regwoupe Swatteam nan ki te konn abiye ak inifòm ble maren ak nwa senp pral abiye pito an « Vert olive ».

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dènye tan sa yo anpil bandi ap sikile nan peyi a ak diferan inifòm polis sou yo nan kapital la, yo tiye moun, kidnape moun ak inifòm polis sou yo.. Se ta youn nan rezon ki ta pouse enstitisyon Polis Nasyonal la ta pote chanjman sa a nan inifòm twoup Swat la, pòt pawòl Lapolis la Garry DESROSIERS fè elòj pou polisye yo nan Swatteam nan pou kouraj yo ak detèminasyon yo nan bon jan batay yo mennen pou kwape bandi nan peyi a.

Annatandan, Polis Nasyonal Dayiti poko pote pyès presizyon si ekip Swatteam nan ap toujou pote menm inifòm anvan an, toutfwa nou ka remake prezans lòt koulè inifòm anvan yo nan nouvo inifòm Swat la.

Bilan pasyèl zam ak minisyon ki sezi

Pandan fwouy ki te fèt nan ti bis pap padap la Lapolis rive sezi plizyè gwo zam ak divès bal nan ansanm valiz ki te nan men 14 mesye yo ;

4 fizi daso

3 pistolè 9 minimèt

35 telefòn ak kat memwa

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè chajè ak katouch diferan kalib san konte kòb PNH la sezi.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.