Yon gwo gè deklannche ant gwoup gang Jean Denis an ki gen nan tèt li Timépri fas ak prezime gang baz GRAN GRIF yo Lukson Elan ap kontwole, 4 moun mouri sasinen anba bal, pami yo 3 peyizan ak yon jenn gason ki t ap pote yon kantite minisyon pou benefis twoup Savien yo.
Eklatman sa yo te dewoule nan apremidi mèkredi 7 septanm 2022 a, enfòmasyon yo rapòte tou, gen youn nan sòlda ki mouri yo ki se manm aktif baz GRAN GRIF kap simen lawoublay nan Pont Sondé.
Pou vanjans, manm baz GRAN GRIF yo ta pral oblije anvayi prèske tout kay yo nan katye Maugé ak Jackot epi egzekite 2 peyizan ki tap soti nan penitans agrikòl yo ak yon jèn ti gason ki t ap vwayaje a pye.
Fòk nou di tou, nan jou ki sot pase yo, inite espesyalize Polis Nasyonal Dayiti a ak kèk sòlda nan Fòs Lame Ayiti (FADH) te fè twa operasyon nan zòn Savien, premye seksyon kominal Petite Rivière de l’Artibonite, nan objektif pou demantle gwoup san ginè sa yo kap simen laterè depi dik dantan.
Facebook Comments