Senatè yo mande pou fòme yon lòt gouvènman tranzisyon 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
senatè yo mande pou fòme yon lòt gouvènman tranzisyon 

Yon tyè nan Sena ayisyen an bay yon evalyasyon negatif gouvènans Ariel Henry nan tèt peyi a depi plis pase yon lane, apre lanmò ansyen Prezidan Jovenel Moïse. Senatè yo fè konnen Pwoblèm sosyo-ekonomik yo ogmante.  Sou baz obsèvasyon sa a, Senatè yo  plede an favè yon akò ant tout aktè yo pou rezoud kriz politik la. 

Nan yon nòt pou laprès, tyè Sena fè konnen  jounen jodi a, sitiyasyon politik, ekonomik, sosyal ak anviwònman an nan peyi a  deteryore  e sa parèt byen klè, epi gouvènman defakto ki an plas la, ki gen nan tèt li Premye minis Ariel Henry pa bay repons konkrè a divès demann lejitim pèp la depi plizyè mwa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè tyè Sena di sitiyasyon sa a reveye mekontantman popilasyon ayiysen an, yo menm depi kèk jou ki ap revandike pou kèk bagay tankou : 

-Sekirite nan tout peyi a 

-Debloke wout nasyonal pou moun ak machandiz kapab sikile libe libè, (Matisan se kochma pou gran Sid la) 

-Bese pri manje nan peyi a ak  mete yo disponib sou mache nasyonal la 

-Mete pwodwi petwòl  yo disponib nan nivo nasyonal la 

-Bese lajan ameriken an, epi mete li disponib pou tout moun 

-Yon administrasyon Leta ak jesyon pi efikas 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se nan sans sa  tyè Sena a konsidere li ijan pou gouvènman defakto Ariel Henry a, aktè politik ak sosyete sivil la jwenn yon akò politik pou fòme yon pouvwa tranzisyon ki kapab bay repons konkrè e rapid a revandikasyon jis ak lejitim pèp la. 

Nan nòt sa ki gen siyati  senatè Joseph Lambert, Kedlaire Augustin, Denis Cadeau, Jean Marie Ralph Féthière, Pierre François Sildor, Jean Rigaud Bélizaire, Rony Célestin, Pierre Paul Patrice Dumont ak Wanique Pierre, yo fè konnen konsansis sa a pral pèmèt yo bay peyi a yon nouvo gouvènans tranzisyonèl ki ta dwe mennen sou wout estabilite politik la ak òganize eleksyon jeneral transparan pou yon retounen rapid nan nòmal enstitisyonèl anvan kòmansman ane fiskal la ki ap kòmanse premye (1ye) oktòb 2022 a.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.