Depi plizyè lane, Ayiti ap fè fas ak gwo pwoblèm sekirite, espesyalman pwopagasyon gang yo nan peyi a , ogmantasyon zak kriminèl yo elatriye. Se nan sans sa ansyen Premye minis Laurent Lamothe fè konnen se sèlman yon fòs espesyal entènasyonal ki ka ede soulaje pwoblèm sa yo peyi a ap rankontre a.
Nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li jodi madi 27 septanm sa, Laurent Lamoth :
“AYITI bezwen èd ! SEKIRITE pouAyiti! Non nou pa vle okipasyon MILITE, nou bezwen yon unite Int’l Spesyalis ANTIGANG, Yon operasyon limite nan tan, ki pou 1 : met fen ak gang+kidnapin 2. Antrennen ak ekipe #PNH ak #LamedAyiti pou yo menm ka bay sekirite tout tan tout kote”
Yon lòt bò ansyen lokatè Primati a sijere tabli yon komisyon ankèt entènasyonal pou dechouke tout moun ki nan tèt ansanm ak gang yo.
“Yon faktè enpòtan nan konba GANG yo se KANPE FINANSMAN an ! Yon ANKET ENTENASYONAL nesesè pou trake moun KI SIPÒTE AK FINANSE tout GANG YO! Kote lajan kidnapin yo fè? An 2021 te gen 950 KIDNAPIN! 90% peye pou yo chape ki wout lajan sa yo fè? “, te fè konnen ansyen Premye minis lan Laurent Lamoth.