Laurent Lamothe opoze  ak okipasyon militè nan peyi a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
laurent lamothe opoze  ak okipasyon militè nan peyi a 

Desizyon gouvènman Ariel Henry  pran pou otorize deplwaman yon fòs etranje nan peyi a kontinye ap pwovoke gwo reyaksyon anndan klas politik la. Nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li, Ansyen Premye Minis Laurent Salvador Lamothe fè konnen li opoze ak desizyon Konsèy Minis la te adopte nan dat ki te  6 oktòb 2022 a. 

Nan mesaj li a, Ansyen lokatè Primati di li  pa dakò ak okipasyon Militè sou tè manman libète a sou okenn fòm, li kontinye pou li montre sipò li ak PNH la, epi li mande pou ranfòse fòs enstitisyon lapolis la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Nou pa dakò okipasyon militè sou tè maman libète a, ede lapolis ak lame peyi  d Ayiti jwenn bon jan ekipman ak fòmasyon pou kwape gang yo », ekri ansyen Premye Minis lan Laurent Lamoth, tout pandan lap mande pou otorite yo idantifye epi mare tout moun k ap finanse gang yo. 

Yon lòt bò, Laurent Lamoth denonse zak kidnapin kap fèt nan peyi a, epi mande pou yon inite fos Intènasyonal Antigang pou vin kore fòs lòd yo nan peyi a. 

Nap raple,  Gouvènman Ariel Henry a  te fè konnen pou eseye pote lapè epi fè peyi a soti  anba grif gang ak zam, Minis yo nan Konsèy Minis te adopte yon rezolisyon pibliye nan Monitè Vandredi ki sot pase, ki otorize Premye Minis Ariel mande yon entèvansyon militè nan peyi a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.