Refijye ayisyen pa p gen aksè rantre sou teritwa dominiken an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
refijye ayisyen pa p gen aksè rantre sou teritwa dominiken an 

Fas ak posiblite ki genyen pou kriz ki gen Ayiti an vin agrave nan jou k ap vini yo, gouvènman dominiken kontinye ap pran dispozisyon pou anpeche migran ayisyen rantre sou teritwa li an. 

Nan yon konferans pou laprès jounen dimanch 9 oktòb 2022 a, prezidan dominiken an Luis Abinader deklare nan okenn ka Repiblik Dominikèn pa p aksepte refijye ayisyen sou teritwa li an si kriz ki gen Ayiti an ta egzije ayisyen kouri kite peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan pasaj li nan vil fwontalye Dajabón, jounen dimanch 9 oktòb la, Luis Abinader fè konnen egalman Repiblik Dominikèn kapab jwe sèlman yon wòl diplomatik nan kriz Ayiti an pou reponn ak kesyon si ap gen entèvansyon lame dominiken sou teritwa ayisyen an. 

Chèf Leta dominiken an deklare, peyi l ap dirije a, Repiblik Dominikèn, deja fè ase pou ede Ayiti nan kriz l ap konfwonte an. Luis Abinader fè konnen pa gen lòt peyi nan rejyon an ki ofri plis èd imanitè ak Ayiti pase sa yo deja fè pou ayisyen nan lopital yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.