Legliz Katolik mande gang yo ak moun k ap finanse yo pou yo sispann touye moun 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
legliz katolik mande gang yo ak moun k ap finanse yo pou yo sispann touye moun  (1)

Konferans Evèk d Ayiti (CEH), nan mesaj nwèl 2022 li a, te pale dirèkteman ak moun k ap alimante vyolans gang nan peyi a, e ki plonje popilasyon Ayisyen an nan yon sitiyasyon malouk kote miltiplikasyon zak ensekirite nan plizyè zòn ki anpeche popilasyon an sikile.  Nòt sa a tout evèk peyi a siyen an se pozisyon ofisyèl Legliz Katolik sou sitiyasyon aktyèl la, kote tout bagay ap mal mache. 

“Nou mande gwoup ki gen zam ki pa lejitim yo ak moun ki  ap finanse yo pou yo sispann zak asasinay nan rayisman, nan mepri pou lavi. Fè zam yo fè silans !  Abandone “lojik dyabolik ak pèvès zam sa yo… ki lwen volonte Bondye!”  (Pape Francois).  Olye nou fè lagè, nou dwe pito envesti nan lapè ak lanmou, nan reòganizasyon enfrastrikti nou yo, sistèm sante ak edikasyon nou yo, epi chanjman nan mantalite nou ”, te ekri Konferans  Evèk d Ayiti (CEH an fransè). 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Antite relijye a fè konnen tou li nesesè e ijan pou bay polis nasyonal la sipò efikas ni an tèm ekipman, ni an tèm lojistik ak kondisyone konba, pou ede yo konbat pwoblèm ensekirite a nan peyi a, epi kreye yon klima ki favorab nan peyi a pou pèp la ka viv nòmal. 

“Etablisman yon klima sekirite nan peyi a rete youn nan kondisyon ki nesesè pou rekòmanse nan aktivite ekonomik, kiltirèl ak sosyal ak òganizasyon  eleksyon demokratik ak transparan nan peyi a”, te endike lidè  Legliz Katolik yo. 

Evèk katolik yo pale sou kondisyon ensipòtab peyi a,  ki pouse yon gwo kantite konpatriyòt pran refij, nan lòt peyi kote yo mal akeyi yo. 

Nan sans sa a, CEH mande pou yo “rebati enstitisyon nou yo, an patikilye Lajistis, pou kwape kilti enpinite a ki se kòz lojik kòripsyon ak vyolans nan peyi a pou yo ka garanti, nan yon espri apatenans ak peyi d Ayiti, yon pi bon avni pou jenerasyon k ap vini yo.  » 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.