Legliz yo an Ayiti ap fèmen pòt akoz presyon gang k ap mande yo gwo lajan

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
legliz yo an ayiti ap fèmen pòt akoz presyon gang k ap mande yo gwo lajan

Ensekirite a an Ayiti kontinye ap vale tèren kote jounen jodia prèske pa gen pèsòn ki epanye. Daprè Pastè Maxo Joseph, legliz yo kontinye ap fèmen pòt yo chak jou pi plis akoz gang k ap fè yo egzijans pou bay gwo kantite lajan.

Yon nouvo pratik nan fason gwoup ame yo ap opere sou teritwa nasyonal la depi kèk tan. Legliz ki nan espas gang kontwole yo gen obligasyon pou bay gwo kantite lajan vire tounen pou yo kapab kontinye fonksyone nòmalman.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pastè Maxo Joseph ki se egalman ansyen kandida pou pòs prezidan, denonse sitiyasyon sa ki oblije legliz yo
kontinye ap fèmen pòt yo, san konte divès ka kidnapin fidèl yo viktim dènye mwa sa yo kote yo pami gwoup ki plis sible yo.

Fondatè Vizyon pou Ayiti ak mond lan (VIHAMO) fè deklarasyon sa samdi ki sot pase an nan peyi Repiblik Dominikèn pou denonse sitiyasyon sa epi mande sekou kominote entènasyonal la pou ede Ayiti rezoud kriz sa.

Toutfwa, sèvitè Bondye a fè konnen li pa nesesè pou yon fòs militè etranje debake nan peyi an pou vin konbat ensekirite an, men li kwè pito yo kapab kontribiye nan fòme polisye ak sòlda ayisyen yo, san konte sitwayen ki pare pou defann Nasyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.