Medsen rezidan Lopital jeneral yo menase rebalanse avèk grèv yo an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
medsen rezidan lopital jeneral yo menase rebalanse avèk grèv yo an

Medsen rezidan Lopital jeneral yo ki, depi kèk tan, pa sispann denonse move kondisyon fonkyonnman lopital la, menase rantre nan grèv yon lòt fwa ankò pou fòse otorite yo pran responsablite yo.

Nan yon kominike piblik, Medsen sa yo denonse move kondisyon travay nan lopital la ki pa chanje malgre tout mouvman pwotestasyon yo pa sispann tanmen pou atire atansyon otorite konsène yo, prensipalman Ministè sante piblik.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè medsen rezidan yo, nan Lopital jeneral genyen sèlman 4è kouran nan yon jounen, douch yo pa gen dlo, pa gen kafeterya, pa gen dlo pou moun bwè, 11 rezidan ap dòmi nan yon sal ki gen sèlman twa kabann, kèk pami pwoblèm ki genyen nan lopital la.

Akote tout pwoblèm sa yo ki sot site la, genyen egalman yon gwo kriz materyèl medikal ki deranje fonkyonnman lopital la ki pa ka bay malad yo swen jan sa ta dwe fèt yo. Pou fè fas ak sa, revandikatè yo anvizaje mete sou pye yon selil ijans apati jodi lendi an menm.

N ap raple, aprè dènye grèv medsen rezidan yo, Ministè sante piblik ak popilasyon te angaje l pou bay yon ogmantasyon salè anviwon 40% ak medsen grevis sa yo ki te kanpe travay pandan plizyè semèn pou te kapab fè revandikasyon yo an pase.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.