Let the Story Begin, Evazyon Mizik ofri ak fanatik li  yo yon nouvo pwojè   

Netalkole Media
ParNetalkole Media

Lebèl Evazyon Mizik anonse sòti on nouvo pwojè, pou jounen vandredi 24 desanm 2021 an, sou non  » Let the story Begin » nan site Castro ( Zòn mayi Gate). redaksyon netalkole média te fè yon ti bat bouch ak D-fi powèt revòlte, prezidan direktè jeneral strikti Sila. 

Nan kad sòti nouvo pwojè sila, Evazyon Mizik kase randevou ak tout fanatik mizik sou tèren Castro zòn Mayi Gate pou vin sipòte kokenn chenn Albòm Sila, k ap sòti sou non  » Let the Story Begin ( kite istwa kòmanse/ nan on tradiksyon literal ). « Albòm lan pa gratis. Li jis pa gen pri. Pou ou ka pran albòm lan, yon moun ap jis bay sa l gen, sa l kapab » reponn D-fi powèt revòlte sou ki kondisyon pou yon moun gen yon Albòm. Chak fanatik dwe mache ak kat memwa « jump » telefòn pou vin pran albòm lan, epi bay sa l genyen, ou sa l vle. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Piblik la enpòtan pou gwoupman ak strikti mizikal la, daprè responsab lan. Swa pou peye pwojè a,pou koute li, pataje li elatriye se ak sipò piblik la nou egziste deklare mizisyen an. »Pwojè a se on kafou pou n pran on chimen ki ka mennen nou nan objektif nou.N ap eseye konstwi yon bagay ki gran, ki ka itil kominote ya epi kite yon eritaj », fè konnen atis D-fi. 

Poukisa pwojè Sila ? 

Albòm sa reyalize nan lide pou remete kanpe strikti mizikal Evazyon Mizik epi rantre lajan pou fonksyonman lebèl la, se tou okazyon pou prezante diferan atis ki anba lobedyans strikti sila. Pandan de mwa san kanpe Evazyon Mizik rive reyini yon latriye atis mete sou yon menm pwojè. »Pa difisil. Atis yo disponib e dispoze. Filip ak mwen ak Stan ak Dj Bob jere kote pwodiksyon an nan sa ki gen pou wè ak enstrimantal, tèks, coache, anrejistre, mikse, masterize. Tout sa nan studio Evazyon Recordz » konfime prensipal responsab pwojè a. 

Albòm « Let the Story Begin » gen sou li 11 tit plis on bonis youn plis enteresan pase lòt.Vanse (te sòti 12 desanm pase a pou te anonse Albòm lan) plase nan 8e pozisyon, jwenn lòt tit tankou pwomès, kout pwen, m rayi renmen ou, elatriye… 

Se yon pwojè atis yo envesti ladan ak tout yo menm « yo pran li ak kè, pou kèk nan yo se premye fwa yo. Konsa yo ap pran eksperyans, yo ap aprann fisèl endistri a », rakonte D-fi. 

N ap raple Evazyon Mizik se yon lebèl endepan ,on strikti pwodiksyon mizikal,ki gen pou objektif dekouvri talan,devlope atis,epi konstui karyè. Li gen sou kontwòl atis ki evolye nan tout tandans tankou rap, Mizik klasik, R&B, pop nou site sèlman sa yo. 

Evazyon Mizik pwodwi plizyè pwojè deja nan endistri Mizik la isi an Ayiti tankou de Albòm solo D-fi powèt revòlte yo (kwonik on geto yout ak R.O.D over D-fi powèt revòlte) ,EP Tafa mi-soleil la Reponn kite sòti pou ane 2021 an, elatriye. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Albòm Let the Story Begin ap disponib tou sou tout platfòm vant Mizik an liy yo, l ap disponib sou moncash. 

REDACTION : Roodson GUERRIER

COPYRIGHT : NETALKOLE MEDIA 2021

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.