Leta ayisyen kolekte plis pase 900 milyon goud kòm frè paspò nan sèlman yon mwa

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
leta ayisyen kolekte plis pase 900 milyon goud kòm frè paspò nan sèlman yon mwa

Fè paspò an Ayiti se objektif anpil Ayisyen kit se timoun, jèn moun oswa granmoun. Pou moun sa yo rive jwenn pyès idantite sa, se nan gwo goumen nan diferan sant ki la pou sa an Ayiti. Men bò kote pa Leta Ayisyen se gwo pwofi k ap antre. Vrèman vre, nan selman yon mwa Leta Ayisyen antre plis pase 900 milyon goud kòm frè paspò. Daprè enfòmasyon Radio Metronome rapòte.

Menm jan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE) te sibi yon gwo ogmantasyon nan aplikasyon paspò depi kòmansman mwa fevriye a pou rive nan fen mwa a, se konsa tou, lè nou konsidere kantite aplikasyon paspò sa yo ki anrejistre sou sistèm DIE soti 1ye fevriye pou rive 27 fevriye 2023 a, nou kapab wè Leta ayisyen te kolekte nèf san katreventrez milyon katsan karant uit mil (993 448 000) goud kòm frè paspò pandan sèlman yon mwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple depi aprè Prezidan ameriken an Joe Biden te fin anonse nan dat 5 janvye 2023 a, posiblite pou imigran ki soti Ayiti antre legalman Ozetazini atravè pwogram libète pwovizwa CHNV 134 la, aplikasyon paspò yo te eksploze an Ayiti, yon sitiyasyon li lakoz pri pou fè pyès idantite sa ap pete plafon chak jou k ap pase.

Pou te kapab asire yon pi bon jesyon sèvis, Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon te louvri twa sant resepsyon pou aplikasyon paspò. Daprè entitisyon piblik la, nouvo sant sa yo chita kò yo nan Gymnasium Vincent nan Pòtoprens, nan Pak Endistriyèl SONAPI ki sou wout ayewopò a, ak nan Pak Ste-Thérèse nan Komin Petyonvil la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.