Vòt Grenadye yo pou rekonpans FIFA The Best 2022 an

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
vòt grenadye yo pou rekonpans fifa the best 2022 an (1)

Aprè seremoni pri FIFA The Best 2022 an ki dewoule ayè lendi 27 fevriye an, òganizatè yo rann piblik ansanm vòt yo ki konsakre atakan ajanten an, Lionel Messi, meyè jwè ane 2022 an devan Kylian Mbappé ak Karim Benzema.

Moun ki te gen dwa vote yo se te prensipalman antrenè ak kapitèn seleksyon yo epi jounalis peyi ki afilye ak FIFA yo. Pou Ayiti te genyen Jean Jacques Pierre ak Johny Placide ki te gen dwa vote nan kad setyèm edisyon pri FIFA The Best lan.

Pou antrenè seleksyon an, Karim Benzema ki se Balon dò an tit lan, te sipoze sakre meyè jwè FIFA pou ane 2022 an nan klasman sa li fè an ki mete atakan Real Madrid lan premye, devan Lionel Messi ak Sadio Mané ki se youn aprè lòt dezyèm ak twazyèm.

Kapitèn seleksyon an, Johny Placide, ale nan prèske menm sans lan ak Jean Jacques Pierre kote l klase Karim Benzema premye devan Julian Alvarez ki se te youn nan revelasyon dènye Koup Dimond lan, epi atakan nòvejyen an, Erling Haaland, k ap kraze Premier League la ak Manchester City.

N ap mansyone, antrenè seleksyon an te egalman vote pou Carlo Ancelotti ak Thibaut Courtois kòm pi bon antrenè ak meyè gadyen pou ane 2022 an devan Lionel Scaloni ak Alison Becker epi Emiliano Martinez ki ranpòte pri meyè gadyen an.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED: , ,
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.