Leta dominiken depanse jiska 185 milyon dola nan swen sante pou Ayisyen 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
leta dominiken depanse jiska 185 milyon dola nan swen sante pou ayisyen 

An fonksyon kantite ayisyen k ap travèse fwontyè a prèske chak jou pou al pran swen nan peyi Repiblik Dominikèn, san konte sila yo k ap viv lòtbò a, 185 milyon dola depanse nan sèvis sante ayisyen yo benefisye sou teritwa dominiken an. 

Minis dominiken sante piblik la, Daniel Rivera, fè konnen swen medikal malad ayisyen yo nan lopital piblik Repiblik Dominikèn yo koute jiska 185 milyon dola ameriken, yon sòm ki evalye a 10 milya peso pou sèlman ane 2022 a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Minis Daniel Rivera, montan sa kouvri sèvis ijans yo, chiriji, frè admisyon, aksidan sikilasyon ak lòt espesyalite medikal ayisyen yo benefisye nan divès lopital piblik dominiken yo, patikilyèman sa ki nan pwovens ki tou pre fwontyè a. 

Dènye ane sa yo, kantite ayisyen k ap kite peyi a pou rann yo Repiblik Dominikèn pou al pran swen pa sispann ogmante. Minis dominiken sante piblik la, Daniel Rivera, te deja fè konnen anviwon 80% akouchman ki fèt pou mwa novanm lan nan pwovens Jimaní se te fanm ki sòti Ayiti. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.