Neymar p ap jwe rès premye tou Mondyal la ? 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
neymar p ap jwe rès premye tou mondyal la  

Nan premye match Brezil pou Mondyal 2022 a, anfas Lasèbi, Neymar te kite match la sou blesi. Yo anonse sipèsta Seleçao a ta dwe fòfè pou 2 match ki rete nan faz gwoup Mondyal la. 

Brezil byen antre nan Mondyal FIFA, Kata 2022 a lè l bat Lasèbi (2-0) gras ak yon double Richarlison fè. Men bagay yo pa t fin bon pou Neymar ki oblije kite match akoz yon chòk li te pran. Jwè PSG a pa ta dwe monte teren ankò pou rès premye tou a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan match kont Lasèbi a, nimewo 10 Brezil la te frape nan nivo chevi li. Aprè egzamen yo fè, medsen federasyon Brezilyèn nan anonse li gen yon lezyon ligaman lateral nan chevi dwat li. Se yon sètitid Neymar p ap jwe dezyèm mat g Brezil la kont Laswis. 

Pou moman an, nou poko konn si Neymar ap gentan tounen pou dènye match gwoup ekip la, anfas Kamewoun. Si tout fwa l pa ta ka jwe devan Lyon endontab yo, l ap ka tounen nan uityèm final. Jwè Tite yo deja bye pati pou yo kalifye pou dezyèm tou a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.