Yè madi a, Lewandoski fè konnen nan mikro laprès kijan li vle jwe ak Messi nan ekip FC Barcelone nan. Ansyen jwè Bayern nan menn deklare, Messi se pou FC Barcelone li ye, li paka tann pou l jwe ak li sezon k ap vini. Nan dènyè match Catalan yo, fanatik yo te chante non Messi, yon prèv retou Pulga pa two lwen.
Pou anpil kòmantatè foutbòl, Messi ap retounen nan ekip Barcelone nan sezon k ap vini, malgré anpil klèb ap ofri l gwo lajan. Kontra Ajanten ap bout ak klèb PSG a fen mwa jen kap vini, Messi pa vle pwolonje ak klèb fransè a. Sa ki se yon endis, ki fè kwè li kapab tounen nan FC Barcelone. Nan sans sa, Atakan Polonè a, Lewandoski fè konnen Messi se jwè FC Barcelone, sezon k ap vini li vle jwe ak li.
« Messi se pou FC Barcelone, si li retounen se ap yon bagay enkwayab. Nou konnen plas li se nan ekip Barcelone nan li ye. M pa konn sa k ap pase, men m rete kwè sezon k ap vini, n ap kapab jwe ansann » se deklarasyon nimewo 9 Barcelone nan pendan li te prezan nan 18tyèm liv istwa solidè espò a.
Messi k ap mal pase nan PSG, pa anvi rete nan klèb kapital fransè a, ak plizye repriz fanatik Paris Saint-Germain yo rele chalbare deyè Champyon Mondyal 2022 a. Yon konpòtman, direktè espòtif Blaugrana, Mateu Alemany pa apresye ditou. Rete tan si Messi ap mete valiz yon lòt kote oubyen nan FC Barcelone sezon kap vini.
Facebook Comments