Lèzetazini prezante yon plan pou mete lapè nan peyi a nan 10 zan

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lèzetazini prezante yon plan pou mete lapè nan peyi a nan 10 zan

Depatman d Eta ameriken an prezante yon plan pou mete lapè ak estabilite nan peyi d Ayiti sou yon peryòd 10 zan. Li prezante yon ansanm estrateji k ap prevni konfli ki genyen sou teritwa a.

24 mas la, Tonton Sam te chita pale sou vizyon li genyen pou peyi d Ayiti, depi kèk tan k ap travèse yon ansanm pwoblèm ki lye ak ensekirite epi banditis. Plan sila vize gide ak aliyen efò l ap devlope alontèm pou estabilize Ayiti nan tèt kole ak gouvènman ayisyen an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsa depatman d Eta prevwa pou fè enstitisyon gouvènmantal yo vin plis ka reponn ak misyon yo epi sèvi pèp ayisyen an kòmsadwa. Konsa tou, enstitisyon yo ki nan gouvènman an dwe enspire yon konfyans sifizan kay enstitisyon piblik yo pou yo patisipe nan pwosesis sivik ak politik ayisyen yo.

Nan kad plan sila, Lèzetazini di l ap tanmen yon angajman ak tout yon asistans diplomatik pou pèmèt gouvènans ak sekirite pwogrese nan peyi a, epi l ap soutni angajman sitwayen.

N ap raple avan l te prezante plan sa, Depatman d Eta ameriken an te deklare Lèzetazini pran angajman pou ede Ayiti sòti nan sal ye jounen jodiya, pou vini yon peyi ki si, estab ak demokratik, ki reflete lyen pwofon ki genyen ant 2 pèp yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.