FIFA ap òganize tradisyonèl gala pou l rekonpanse aktè l yo 27 fevriye 2023 a. Jodi a, enstans siprèm foutbòl mondyal la mete deyò lis jwè ki ka pran twofe FIFA The Best la. Li anonse tout moun ki kandida nan tout kategori yo.
Pou ane sa, seremoni FIFA The Best la ap fèt nan fen mwa fevriye. Nou pral gen chans konnen kiyès ki pral ranmase pri yo daprè pèfòmans yo sou ane ki sot pase a. Nan kategori The Best la, pou meyè jwè ane a, nou jwenn Messi, Mbappé, Neymar, Bellingham, De Bruyne, Benwema, Lewandowski, Mané, Hakimi, Vinicius, Salah, Modric, Julian Alvarez ak Haaland.
Pou sa ki gen pou wè ak gadyen yo, FIFA nomine 5 moun. Nou jwenn 2 gadyen Brezil yo, Alisson ak Ederson, epi genyen tou Courtois, Emiliano Martinez ak Bounou. Pou antrenè yo, se 5 moun FIFA mete nan lis la tou. Moun sa yo se Carlo Ancelotti, Pep Guardiola, Walid Regragui, Lionel Scaloni ak Didier Deschamps.
Pou edisyon ki te pase a, se Polonè a, Robert Lewandowski ki te pran pri The Best la. Se te dezyèm fwa l te pran youn kole ak lòt. Kote antrenè yo, se Thomas Tuchal ki te ranpòte lamayòt alòske Edouard Mendy te pran pri pi bon gadyen an.