Liverpool ofisyalize transfè Alexis Mac Allister a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
liverpool ofisyalize transfè alexis mac allister a

Aprè yon sezon difisil, Reds Liverpool yo mete men sou mitan tèren ajanten Brighton lan, Alexis Mac Allister, pou sezon kap vini an nan kad rekonstriksyon klèb la pou rann li pi konpetitif nan Premier League la ak sou plan ewopeyen. N ap raple, Liverpool p ap jwe Lig dè Chanpyon sezon 2023-24 la.

Liverpool rive pran premye jwè li pou sezon k ap vini an. Alexis Mac Allister se nouvo jwè ki pral pote mayo Reds yo sezon kap vini an, aprè yon bèl sezon ak Brighton. Yon nouvèl ki byen tonbe nan zorèy sipòtè Reds yo paske yo t ap tann li. Anplis, gen anpil jwè k ap kite klèb la pou mèkato ete a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ekip Liverpool la ki gen anpil feblès nan mitan tèren an, ki kapab pèdi jwè tankou Naby Keita, Chamberlain, Milner, yon ekip jwè k ap lib pou mèkato ete a. Pou rezon sa, direksyon Reds yo rekrite champyon dimond ajanten an ki se te youn nan priyorite klèb la.

Alexis Mac Allister te rejwen Brigthon nan lane 2019, men tout moun ta pral dekouvri talan jwè a nan mondyal 2022 a nan peyi Kata. Liverpool se te youn nan klèb Ajanten an te reve jwe, daprè sa li fè konnen. Yon rèv ki relaylize.

Transfè sa koute Liverpool 65 milyon ewo, e k ap bout nan lane 2028. Ajenten an pral fè yon lòt bèl eksperyans nan karyè li anba lòd teknisyen alman an, Jürgen Klopp.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive