Se pa yon sekrè pou pesòn, Messi p ap rete nan PSG. Nan sans sa, klèb sawoudyen an paka tann rive champyon dimond ajanten an. Enfòmasyon yo fè kwè dirijan Al-Hilal yo ta deplase nan vil Paris pou finalize transfè an. Daprè « Sport », dosye Messi ak klèb sawoudyen kapab boukle nan jou k ap vini la yo.
Lionel Messi, aprè anons l ap kite PSG an, mete mond foutbòl la nan gwo kesyon sou destinasyon pou konnen ki kote Pulga a ap jwe sezon k ap vini. Pou kounya, 3 klèb sou dosye ajanten an: Barcelone, Inter Miami ak Al Hilal. Dènye klèb la montre li pi entèrese, kote yo pwopoze ajanten an 500 milyon pou 2 lane.
Daprè AFP, dirijan Al-Hilal yo gentan nan vil Paris pou yo rann posib transfè jwè a ki pran 7 Balon dò deja. Klèb sawoudyen an ap fè tout preparasyon pou resevwa ansyen jwè Barcelone lan.
Yon lòt bò, FC Barcelone ap jwe tout kou pou yon retou Messi a. Koze lajan ak Liga a ki poko deside a ralanti yo nan kous la. Men, ta sanble Barcelone ap jwe yon kou pou Inter Miami ta siyen jwè a epi li menm pou l ta prete l, sa ki ta fè Messi byen paske l byen anvi jwe yon dènyè sezon nan FC Barcelone epi fè Al-Hilal tann li pou yon lòt sezon. Yon desizyon diriijan sawoudyen yo pa pataje, Messi dwe vini nan Al-Hilal pou mèkato sa.
Facebook Comments