Liverpool ralanti Arsenal nan kous li pou tit Premier League la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
liverpool ralanti arsenal nan kous li pou tit premier league la

Nan kad 30tyèm jounen Premier League la, jodi dimanch lan, Arsenal pa rive mete do ekip Liverpol la atè (2-2), yon viktwa ki tap apwoche jwè Arteta yo pi prè tit Premier League la. Firmino ki te antre nan jwèt la, ede Reds yo rache match nil nan fas lidè chanpyona Angletè a.

Liverpool ratwape l aprè 2 gòl Arsenal nan kad match chòk pou 30tyèm jounen nan Premier League la. Yon match nil ki mete ekip Manchester City ak 6 pwen nan do Gunners yo ak yon match an reta. Yon lòt bò, Reds yo toujou rete lwen Top 4 la, yo kapab rate kalifiaksyon pou Champions League la sezon kap vini.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Asenal ki te byen kòmanse rankont lan nan Anfield la ta pral ouvè mak la ak Grabriel Martinelli nan 8tyèm minit (1-0) epi lòt Brezilyen an, Gabriel Jesus ta pral double miz la nan 28tyèm minit (2-0). Men sa pat rete konsa, Reds yo ta pral reyaji aprè yon gòl Mohamed Salah nan 42zyèm minit(2-1), men Egipsyen an ta pral rate bal 2-2 a sou yon penal.

Malgre anpil fay nan defans Liverpol la, Gunners yo pat rive jwen wout gòl la pou yo te mete ekip Liverpool la an dout. Antre Firmino nan rankont lan tap pral ede jwè Jurgen Klopp yo, paske nan 82zyèm minit, Brezilyen an ta pral egalize epi ede Liverpool rache yon grenn pwen enpòtan. Yon match nil ki ralanti ekip Arsenal la pou tit Premier League la pandan Manchester City pa sispann mete presyon sou do ekip Arteta.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive