Anpil klèb nan peyi Arabi Sawoudit ap fè Benzema zye dou

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
anpil klèb nan peyi arabi sawoudit ap fè benzema zye dou

Real Madrid ki prè pou l ta pwolonje Balon dò 2022 a pou yon lòt sezon ankò, kòmanse ap resevwa anpil òf pou Karim Benzema. Anpil klèb nan peyi Arabi Sawoudit prè pou yo bay anpil kòb pou atakan fransè a. Daprè « Marca » Benzema kapab rejwen ansyen koyekipye li, Cristiano Ronaldo nan Lig Sawoudyen an.

Daprè Marca Al Nassr prè pou l depanse anpil kòb pou ta fè vini Karim Benzema nan ekip la bò kote C. Ronaldo. Jwè a ki poko pwolonje ak Real Madrid pou yon lòt sezon pa montre enterè li pou chanpyona sawoudyen an.

Yon lòt bò dirijan Merengue yo swete bay Benzema yon lòt kontra yon lane pou sezon kap vini, yon posibilite jwè a kapab pran pou l rete nan ekip Casablanca pou sezon 2024 la, pètèt aprè sa, li kapab rejwen yon klèb nan peyi Arabi Sawoudit. Se menm jan yo gentan anonse Luka Modric nan klèb Al Nassr sezon kapab vini.

Al Nassr ki kapab pèdi Anderson Talisca sezon kap vini, Brezilyen an kapab fè retou li nan Super Lig la nan klèb Besiktas la oubyen Galatasaray, sa ki mete dirijan Al Nassr yo nan mache prese pou yo jwenn yon bon atakan sezon kap vini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article